musicas.mus.br
Letras de músicas - letra de música - letra da música - letras e cifras - letras traduzidas - letra traduzida - lyrics - paroles - lyric - canciones - GEN LAFWA - BARIKAD CREW - música e letra
Utilize o abecedário abaixo para abrir as páginas de letras dos artistas
Gen Lafwa letra
M kwè lapriyè pa gen chèn li pa kase
Menm lè w wè wout la vin pi fè nwa
Men fò w pa pèdi lafwa
Ou dwe toujou priye li pa gen chèn li pa kase
Si w vle ranpòte viktwa
Chak jou Bay Bondye glwa
Ou dwe toujou priye paske li pa gen chèn li pa kase
Si w vle rive ou pa ka fè l san li
Se priye epi kwè nan li
Nèg sa li rele le Seigneur
Pa gen anyen l pa fè depi l vle fè
Ou menm ou gen pou w kwè nan tèt ou
Goumen jiskobou pou w reyalize rèv ou
Ret konfyan nan God la boss
Gen lafwa l ap ba w lafòs
Bondye konn separe l konn bay ou pa dwe ofanse Bonte l
Gen anvi tounen lekòl pou sèvo m pa gen plas vid
Koz konensan se sa sèlman ki sèvi mwen kò m gid
Mwen priye l chak jou an gras pou l fè lavi mwen pi long
Pou m wè Shleubeups k ap reyisi san l pa fè anyen ki wrong
Pa gen paradi ni lanfè sa w fè w ap peye l sou latè
Ebyen frè mwen met jenou tè nan wout fènwè l ap fè w wè klè
Lafwa se kwè nan sa w pa wè a
Vi n dwe gen règ menm jan avèk Gramè a
Si w reyisi yo pap di se nan move zafè a
M ap fyè lè yo va tande vwa pèp la
Lapriyè di pou w gen viktwa men fò w kapan reyaji
C'est-à-dire fòk ou travay pou Haiti rebati
Se on sèl moun ki ka geri kansè ki nan konsyans nou
Li pa lòt ke être suprême nan ki te bay lavi l pou nou
G anpil moun ki ap mande m kisa mwen fè lè m angaje
M ap fèn konnen l'Eternel est mon berger
M pa janm tonbe plenyen lè m wè pwojè m pa reyisi a
M annik mete jenou atè epi mwen rele Messie a
Hip Hop kreyòl la m ap pote l tankou on kwa
Menm lè lamò frape n landan mwen still gen lafwa
Ayisyen nan lapriyè n dwe fè plis efò
Si se pa sa peyi a ap detwi si w konn sodòm e gomò
Mwen remèt ou kò mwen nanm mwen fè m vinn kalite moun ou vle a
L ap anpeche mwen padone mwen Papa se ou k verite a
Nan ou m konnen m dwe gen lafwa
Sou w pat la m t ap pèdi espwa
Kwak lavi gen difikilte menm lè wout yo vin pi fè nwa
Sou tè a kou nan syèl la mwen rekonèt se ou ki wa
Mkwè w la w ap tande vwa m
Granmèt la ou k gen tout pouvwa
Mèsi pou tout kout men w banmwen lè m santi m angaje
Jèn yo pa neglije priye li pa gen chèn li pa kase
Lord ou se premye moun ki merite mèsi Pa konpasyon w n benefisye lavi
Pa kite anyen detounen w sof nan sa w kwè a se mete men
Gen de moun ki kont mwen gen de moun ki Hate
Menm pa poukont mwen yo deja wè m pap fake
Pa bezwen wont man lè w wè m ap spit
Pa vin fè kont mizik ap mete w sou wep
S on sèl moun ki konnen ki jou ki lè n ape Rive
Priye veye pa pè met jenou w atè si w kwè se Letènèl k ap dirije
Konsa w gen pou w wè lavi w chanje
Barikad Crew - Letras
- Apresye sa
- Ayiti Pi Rèd
- Ban m afè m (feat. Coupé Cloué)
- Born 2 Win
- Ewo (feat. Rutshelle Guillaume)
- Gen Lafwa
- Goumen Pou Sa W Kwè
- Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner)
- I Got It From My Mamak
- Internal Exile (Fish)
- Jiskaprezan
- Jwi Lavi w
- Kantrowitz 1972
- Ki Avni (feat. Scraggy)
- Konplèks (feat. CJ & Rutshelle Guillaume)
- Latola (Paperboy)
- Lit (feat. Da Marco BC, Izolan Bc, Fantom BC, Bricks BC & Brital)
- Mèsi
- New Sins For Old
- Next (feat. Zafè Fanmi)
- Nou Di Non
- Nou Pap Lage (feat. Walkens)
- Nou tout ka pran (feat. Walkens)
- Ou paka Gangster (feat. Jimmy O)
- Overdose
- Oyeah (feat. La Diva)
- Pa Koupe Bwa
- Pa Sispan Reve
- R.E.D. (feat. Fantom BC, Izolan Bc, Bricks BC, Brital & Fred Hype)
- Sakrifis
- Se Konsal ye (feat. DJ Rick M)
- Sometimes Good Guys Don't Wear White
- Stand Up (feat. Tony Manshino)
- Subculture (Tyrone Davis)
- Tèt frèt
- The Damned Ship
- The Leading Horse
- The Troglodyte Wins
- VFK (vrè fanm kreyòl)
- Virus
top 30 músicas
©2003 - 2026 - musicas.mus.br